Euro (€) - EUR
  • Euro (€) - EUR
  • United States dollar ($) - USD

Pase kòman kounye a ak ou pral resevwa yon rabè 10€ sou frè livrezon an avèk kòd “CHRISTMAS”
(sèlman pou voye nan Etazini ak Kanada, livrezon DHL an maksimòm 5 jou).

Monopoly Ayiti

edisyon ofisyèl

Boîte de jeu Monopoly Haïti

Zel & Co kontan pote pou ou premye

Monopoli ki konsakre a peyi d Ayiti


Pou 2022 gen 2000 bwat nimewote sèlman!

Ou te wè l nan dòmi ? Nou fè l pou ou !

Voye 2 zo epi vwayaje! Ou gen pou w al tonbe sou on bèl ti plaj an Ayiti. Lanmè ak ti zwazo ap chante lan zorèy ou. On bon sant kafe ap vin jwenn ou pandan w ap manje on bon mango fransik. Vin aprann gwo istwa ti peyi sa a, richès kilti l, bon gou manje l ak talan atis li yo. Vin rankontre pèp ayisyen, moun sa yo ki konn akeyi tout moun ak lajwa, moun sa yo ki fyè dèske yo se Ayisyen!

On bèl vwayaj kote w jwenn anmizman melanje ak enfòmasyon.

Monopoli Ayiti …Li majik !

Tout Ayiti nan ti bwat sa a !

Voye 2 zo epi vwayaj ou komanse nan bèl ti peyi d Ayiti. Achte Basenble, lwe Lilavach, vann Sitadèl Anri. Ipoteke kay Jinjèbred. Bati otèl ak kay sou Kot dè Zakaden. Evite ale nan Prizon lè w prale Pòtay Leyogàn. Chwazi on kat Chans ou ka soti nan bòlèt. Men, fòk ou se dènye jwè ki pa fè fayit !

Pwomnen nan tout Ayiti Cheri ak fanmi w, ak zanmi w ..ou pa menm bezwen deplase.

Monopoli Ayiti …Li majik !

Ti bwat, Gwo zafè !

Li piti (27x27x5cm) li lejè (950gr) pou w ka pran l byen fasil tout kote ou prale. Ou ka mete l nan yon sakado, nan yon malèt..

Sa k ladan ? : 1 plato, 8 pyon, 28 papye tè, 16 kat Chans, 16 kat kominotè, 1 pakè kòb Monopoli, 32 kay vèt, 12 otèl wouj, 2 zo blan, 1 zo wouj, règleman jwèt la

Chak bwat gen on nimewo ki koresponn ak sètifika l.

Li ekri nan 3 lang : Kreyòl Ayisyen, Angle, Franse

Monopoli Ayiti …Li majik !

Kiyès Mwen Ye ?

Tankou tout aysyen kap viv lot bò dlo, mwen sonje peyim chak jou.

Zel & Co se on fason pou nou rete konekte ak ti pey nou an.

Travay li se imagine on ban bel bagay. Annik ou gade yo, manyen yo oubyen goute yo, ou rekonet tet ou an ayiti san ou pa menm deplase…

Premyè ladan yo : Monopoly Haïti ! On kado espesyal pou tout ayisyen, zanmi nan tout mond lan, fanatik jwet en jeneral, timoun kou granmoun.

Zel & Co se prolonjman natirel enplikasyon mwen nan asosiyasion “Liege Aide Haiti” depi 2010 : www.liegeaidehaiti.org

Ayiti ! Nou renmenw !

Signature Ketly Astier

Ofisyèlman, l ap deyò 12 Desam 2022 ki sou nou la

Kòmande pa w la jodi a pou w ka genyen l pou peryòd fèt yo ! Pa gen pi bèl kado on moun ka resevwa !

Tout moun ka pa jwenn achte premye fwa sa a

Sèlman 2000 bwat k ap soti ane sa a. 
Chak bwat ap gen on nimewo espesyal

Sa k pi bèl la

Lè w achte Monopoli Ayiti, se edikasyon w ap kore an Ayiti. On pati nan benefis lavant lan pral jwen « Liege aide Haïti ».
Al gade bèl travay òganizasyon sa a: www.liegeaidehati.org

Monopoly Haïti se yon travay tèt ansanm Zel & Co ak Dicogames kap fè edisyon espesyal Monopoly depi 15 lane. www.dicogames.be